N ap viv nan youn nan ti apatman ki nan yon gwoup bilding ki gen plizyè etaj kote yon pakèt fanmi ki nan klas mwayèn rete. Men, manm fanmi chat yo vrèman renmen apatman nou an, e sanble gen plis manm nan fanmi chat yo pase kantite moun ki nan fanmi yo. Paske bèt kat pat sa yo ki soti grif yo lè yo vle konn ap vante tèt yo akoz kouzen yo gen nan peyi a, tankou lyon yo, tig yo, lenks yo, ak oselo yo, pa pè pèsonn nan kominote a. Popilasyon chat sa yo ki kontinye ap vin pi plis e ki gen nèf lòt vi deranje tout moun, men yo fè anpil moun ri tou.
Tout chat nan kominote nou yo gen tèritwa pa yo. Chat ki abite nan premye, dezyèm ak twazyèm etaj yo rete nan limit tèritwa yo, sof lè kèk ladan yo grangou, y al antre nan yon seri kizin ki pa sou tèritwa yo. Sou teras la, w ap plos jwenn ti jèn chat yo, men pafwa, kèk lòt chat gran panpan koulè nwa oswa mawon konn vin netwaye plim yo, epi chofe solèy anlè a. Gen ladan yo k ap chèche femèl ki akokiye kò yo pou yo ka dòmi nan yon seri ti kwen ki pa menm gen ase espas, tankou ti gerit ajan sekirite yo, kote malere yo konn fè ti kabicha yo. Bondye bay chat de bwat vwa, youn pou yo gwonde, lòt la pou yo fè myaw, e gen kèk chantè nan kominote nou an ki anpeche moun dòmi nan nuit tèlman y ap chante nan gwo fèt espesyal yo òganize yo.
Gen kèk nan lokatè yo ki ta toujou fè efò pou kenbe zafè yo pwòp ki konn fache lè chat antchoutchout sa yo sal afè yo. Gen kèk nan rezidan yo ki pa manje anyen frèt ki panse yo ta dwe mete tout chat yo deyò ak yon kout rigwaz. Men, gen lokatè sa pa di yo anyen, yo jis ap gad ki jan sa ap fini. Anfen, n ap tann pou n wè ki moun k ap resi di yon mo nan koze sa a!